Trump Pral Aksepte Nominasyon Pati Repibliken an nan Milwaukee

Kandida prezidansyel pati Repibliken an ex-Prezidan Donald Trump sou sen nan pandan yon ese nan Konvansyon Nasyonal Repibliken an Mekredi, 17 Jiye, 2024.

Ansyen Prezidan Donald Trump gen pou l pwononse yon diskou trè pèsonèl ke li ekri nan moman lap aksepte nominasyon pati Repibliken an pou prezidans la nan Konvansyon Nasyonal Repibliken an.

Se sa moun ki familye ak detay diskou a di Associated Press.

Se premye diskou Trump ap bay apre kout zam te entewonp li nan mitan pawol pandan yon miting politik nan eta Pensilvani Samdi pase a.

Trump di tantativ asasina a te fè l chanje diskou li pral bay Jedi nan Milwaukee.

Trump di jounal Washington Examiner ke diskou orijinal la te chaje ak pawol piman bouk kont Prezidan Demokrat Joe Biden, men kounyea li pral pi konsantre l sou inifye peyi Etazini.

Madanm Trump, Melania, sipoze asiste konvansyon an jodia.