Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Trump anonse yon kontra pou konstwi yon gwo Bilding nan Emira Arab Ini


The "Trump World Tower", located on 845 United Nations Plaza, in New York City on February 17, 2024.
The "Trump World Tower", located on 845 United Nations Plaza, in New York City on February 17, 2024.

Òganizasyon Trump la anonse Jedi yon kontra pou kreye yon asosyasyon ansanm ak yon envestisè nan Arabi Saoudit pou konstwi yon gwo bilding plizyè etaj nan sant komèsyal Dubai nan Emira Arab Ini.

Trump Tower Dubai pral vize "mache pwodui liksye Dubai la”, se sa envestisè nan biznis kay Dar Global di nan yon nòt pou laprès, e li ajoute ke yo pwal devwale lye ak plan bilding nan anvan ane sa a bout.

Devlopman an pral gen ladan yon otèl Trump ak kay rezidansyèl ki pote mak konpayi envestisman an, dapre Dar Global ki se branch entènasyonal konpayi Dar Al Arkan ki baze nan Arabi Saoudit.

Anons sa a vini yon ti kras plis pase 2 semèn apre Dar Global te anonse yon lòt kontra ak Òganizasyon Trump pou konstwi yon gwo bilding plizyè etaj nan vil Jeddah ki bò lanmè.

Li ap devlope tou yon otèl Trump ak kèk vila liksye nan kapital peyi vwazen Oman, ke li espere fini an 2028, dapre sit entènèt konpayi an.

Ansyen Prezidan Donald Trump te bay pitit gason l yo jere Organization Trump lan apre li te pran pouvwa an 2017, malgre li toujou kenbe aksyon li nan Òganizasyon Trump.

XS
SM
MD
LG