Accessibility links

Breaking News

Chèf Defans Ikrèn Di Peyi li ap Jwenn Yon Fason Pou Konbat Fòs Ris Kèlkeswa Moun ki Genyen Eleksyon Etazini an


Defense Secretary Lloyd Austin, right, greets Ukraine's Defense Minister Rustem Umerov during an arrival ceremony at the Pentagon, near Washington, July 2, 2024.
Defense Secretary Lloyd Austin, right, greets Ukraine's Defense Minister Rustem Umerov during an arrival ceremony at the Pentagon, near Washington, July 2, 2024.

ASPEN, Kolorado (AP) — Minis defans Ikrèn lan di ke peyi li pral jwenn yon fason pou reziste devan fòs ris yo menm si Trump ta jwenn yon dezyèm manda, sa ki ta ka redwi sipò Etazini pou defans li.

Minis defans Rustem Umerov pale sou difikilte diplomatik ak militè ki genyen nan Ikrèn pandan Trump ak asosye li JD Vance pran elan nan kous prezidansyèl ameriken an.

Vance, Senatè ki reprezante eta Ohio, te goumen nan Kongrè a pou bloke èd Etazini ap bay Ikrèn.

Repibliken Donald Trump di ke li pral fini ak lagè a san pèdi tan si li genyen nan Novanm nan.

Umerov ki t ap pale adistans, kidonk sou entènèt, Mèkredi, nan Forum Aspen sou Sekirite, ki ap dewoule nan eta Kolorado, di ke "kèlkeswa rezilta" eleksyon Etazini yo, "n ap jwenn solisyon."

XS
SM
MD
LG