Accessibility links

Breaking News

Senatè JD Vance Tounen Yon Kòk Batay Kont Lachin


Election 2024 RNC
Election 2024 RNC

Senatè JD Vance ki nouvo nan Sena Etazini an, ke Trump fèk chwazi kòm kandida pou Visprezidan, li tounen yon kòk batay kont LaChin.

Li vini ak pwojè-lwa pou mete restriksyon sou aksè LaChin nan mache finansye Etazini yo e pou pwoteje edikasyon nan nivo inivèsite kont enfliyans LaChin.

Nan yon entèvyou sou pwogram televizyon Fox News touswit apre ansyen prezidan Donald Trump fin nonmen li kòm asosye lendi a, Vance kalifye LaChin kòm “pi gwo menas” pou Etazini.

Lè jounalis te poze li kesyon sou lagè LaRisi nan Ikrèn nan, Vance di ke Trump ta dwe negosye ak Moskou e ak Kyèv pou “mete fen nan koze sa a pou Etazini ka fikse atansyon sou vrè pwoblèm nan ki se LaChin.”

Vance ki gen 39 lane e ki se yon kapitalis ki enplike nan antreprann pwojè, te vin tounen yon selebrite ak memwa ke li te pibliye an 2016 ki rele “Hillbilly Elegy”, Pwezi pou Moun Riral yo. Li plede pou yon politik afè etranjè kote peyi-a pa dwe antre nan zafè lòt peyi, e li gen ezitasyon lè pou li pale sou entèvansyon militè Etazini nan lòt peyi.

XS
SM
MD
LG