Accessibility links

Breaking News

Kiyès ki Usha Vance?


Kandida a la vis prezidans Repibliken, Senate JD Vance (Ohio) ak madanm ni, Usha Chilukuri Vance, pandan premye jounen Konvansyon Nasyonal Repibliken an nan Milwaukee, Wisconsin, 15 Jiye, 2024.
Kandida a la vis prezidans Repibliken, Senate JD Vance (Ohio) ak madanm ni, Usha Chilukuri Vance, pandan premye jounen Konvansyon Nasyonal Repibliken an nan Milwaukee, Wisconsin, 15 Jiye, 2024.

Usha Chilukuri Vance, madanm Senatè JD Vance, se yon avoka ki gradye nan invèsite dwa prestije Yale.

Li te kanpe bo kote mari li Lendi lè yo te nomen l kandida a la vis prezidans pati Repibliken an nan Konvansyon Nasyonal Repibliken yo nan Milwaukee.

Chilukuri Vance gen 38 an e li grandi nan vil San Diego, Kalifoni. Paran li se imigran Endyen. Manman li travay kom biyolojis nan Inivèsite Kalifoni San Diego. Papa li se yon enjenyè, dapre sa kanpay JD Vance fè konnen.

Madan Vance pran diplom li nan Yale epi li fè metriz li nan filozofi nan Inivèsite Cambridge gras ak bours skolè Gates Cambridge la.

Li rankontre mari li lè yo tap etidye Yale. Nan liv li a, "Hillbilly Elegy" JD Vance di yo te fè konesans gras ak yon devwa ke yo te oblije fè ansanm pou yon klas yo tap pran. Li di sa pat pran tan pou l tonbe damou pou mamzèl.

Mesye-dam yo te gradye an 2013 epi marye yon ane pi ta.

Aktyèlman, madan Vance ap travay kom avoka pou kabinè Munger, Tolles and Olson ki gen biwo nan vil San Francisco ak Washington. Li te bay demisyon li yon ti tan apre Trump te chwazi mari li kom kolistye li.

JD ak Usha Vance abite Cincinnati nan eta Ohio. Yo gen 3 timoun: Ewan, Vivek ak Mirabel.

XS
SM
MD
LG