Obama, Pelosi ak Lòt Demokrat Lanse yon Nouvo Jefò pou Mande Biden Rekonsidere Kandidati li pou Eleksyon 2024 la

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale nan Konvansyon Nasyonal NAACP nan Las Vegas, 16 Jiye, 2024.

Demokrat pi wo plase yo lanse yon jefò esansyèl pou ankouraje Prezidan Joe Biden rekonsidere desizyon li pou l poze kandidati li pou yon lot manda.

Ansyen Prezidan Barack Obama eksprime kè sote li an prive nan konvèsasyon li ak Demokrat yo sou kandidati Biden pou eleksyon 2024 la.

Prezidan Emerita Lachanm Depite, Nancy Pelosi di Biden an prive ke Demokrat yo taka pèdi kapasite yo pou yo sezi kontwol La Chanm si li pa lage pye li. Li di Biden sondaj yo montre li pap ka ranpote la viktwa sou Repibliken Donald Trump.

Se sa plizyè moun ki familye ak konvèsasyon yo men ki ensiste pou yo pa site non yo di.

Biden ensiste li pap lage pye l.

Nan yon entèvyou li bay radyo Univision, li deklare tout bagay ant limenm ak Trump "plizoumwen egal ego."