Accessibility links

Breaking News

Dirijan Kanpay Trump yo Refize Pale Ogmantasyon Sekirite Pou Ansyen Prezidan an


Foto Achiv: Senate JD Vance (Repibliken Ohio) ak kandida a la prezidans Repibliken ex-Prezidan Donald Trump nan yon miting politik nan Vandalia, Ohio, 16 Mas, 2024.
Foto Achiv: Senate JD Vance (Repibliken Ohio) ak kandida a la prezidans Repibliken ex-Prezidan Donald Trump nan yon miting politik nan Vandalia, Ohio, 16 Mas, 2024.

Nan Konvansyon Nasyonal Repibliken an yè swa, kandida pou Visprezidan JD Vance te salye epi bay lanmen ak delege yo ki te eksite pandan Vance t-ap mache pou al chita nan plas li.

Gen yon gwo diferans ak ansyen Prezidan Donald Trump, ki te antre nan sal la kèk minit apre e kote yon kolòn ajan Sèvis Sekrè te separe li ak sipòtè li yo. .

Zòrèy Trump te gen yon bandaj pansman sou li. Li te anbrase miray la. Olye li te bay lanmen oubyen di foul sipòtè yo hello, li te leve pwen li bay kamera yo.

Dirijan kanpay Trump la yo te refize pale sou sekirite ki ogmante a ak sou jan sa ka chanje rapò li ak sipòtè nan jou ki ap vini yo.

Sèvis Sekrè te deja ogmante pwoteksyon pou Trump nan jou yo anvan atak la, apre yon lòt menas ki sanble te soti Iran, se sa 2 otorite ameriken di ayè madi a.

--

XS
SM
MD
LG