Accessibility links

Breaking News

Joe Biden Konekte Atak sou Donald Trump la ak Vyolans Rasyal


APTOPIX Election 2024 Biden
APTOPIX Election 2024 Biden

Nan premye aparisyon li an piblik depi tantativ asasinay sou rival li, Prezidan Joe Biden konekte atak sou Donald Trump la ak vyolans rasyal ak vyolans zam nan Etazini, e li soupriye tout Ameriken pou yo denonse sa.

« Nou gen responsablite pou nou bese tanperati a epi kondane vyolans sou tout fòm, » se sa li di elektè Nwa yo nan Las Vegas, nan eta Nevada, ayè madi a.

Biden t ap pale nan konvansyon Nasyonal pou Avansman Moun Koulè yo, yon òganizasyon dwa sivik ameriken. Li moutre vyolans sou Nwa ameriken, pami yo George Floyd, ki pèdi lavi l anba men polis Blan an 2020.

Pou premye fwa depi tire ki te fèt sou Trump nan yon aktivite kanpay nan Pennsilvani samdi a, ki touye yon moun nan piblik la epi blese lòt, pami yo ansyen prezidan an, Biden mande kontwol pi estrik sou zam e li mande pou retounen ak yon entèdiksyon nan Etazini sou zam ki fèt pou lagè, yon lwa ki te ekspire an 2004.

XS
SM
MD
LG