Accessibility links

Breaking News

Biden Teste Pozitif pou COVID-19 Pandan Lap Mennen Kanpay nan Las Vegas


Prezidan Joe Biden ak Maritza Rodriguez, konseye kanpay Biden pou Latino yo nan Las Vegas, Nevada, 17 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden ak Maritza Rodriguez, konseye kanpay Biden pou Latino yo nan Las Vegas, Nevada, 17 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden teste pozitif pou COVID-19 pandan lap vizite Las Vegas. Dapre nouvèl yo li gen "sentom leje" akoz enfeksyon an.

Sekretè de près Lamezonblanch la, Karine Jean-Pierre deklare Biden pral pran avyon pou l al lakay li nan eta Delaware kote li ka "izole tèt li epi kontinye egzèse fonksyon prezidansyèl li konplètman an menm tan."

Se Prezidan ak PDG Unidos la, Janet Murguia ki pibliye nouvel la an premye. Li di envite yo nan konvansyon gwoup la nan Las Vegas, ke prezidan an prezante eskiz li epi di li paka asiste konferans la paske li teste pozitif pou virus la.

XS
SM
MD
LG