Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo ap Eseye Kontre Mesaj Politik Repibliken k ap Soti Milwaukee


Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo nan Baz Aviyasyon Andrews, 15 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo nan Baz Aviyasyon Andrews, 15 Jiye, 2024.

Demokrat yo ap eseye ofri pwogramasyon politik pou kontre sakap soti nan Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an nan Milwaukee. Yo anonse yap kontribye $15 milyon pou finanse kanpay kap dewoule nan 7 eta kle.

Envestisman Demokrat la vini nan moman kek manm pati a mande Prezidan Joe Biden pou l rale ko li kom kandida prezidansyel.

Komite Nasyonal Demokrat la anonse Madi lap transfere $15 milyon bay pati demokrat eta yo pou ede yo louvri plis biwo epi anplwaye plis moun.

Finansman an pral pemet pati eta yo ajoute 217 biwo sou kantite ki deja egziste koteo yo ka kowodone ak pati nasyonal la, epi yo deja anboche plis pase 1,100 moun nan Arizona, Joji, Michigan, Kawolin di No, Nevada, Pensilvani ak Wisconsin.

XS
SM
MD
LG