Depatman Deta: Blinken Pale ak Prezidan Kenya sou Kriz Ayiti

Sekrete Deta Ameriken Antony Blinken nan Nouyok, 22 Sept. 2023.

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken pale ak Prezidan Kenya William Ruto sou kriz Ayiti a.

Depatman d Eta fè konnen Samdi 2 responsab yo souliyen angajman yo vizavi yon misyon sekiritè miltinasyonal pou retabli lod nan peyi a.

Ayiti toujou anba yon eta dijans ki te tanmen Dimanch apre afwontman ant gang ame yo ak lapolis nasyonal te ogmante pandan Premye Minis Ariel Henry te nan Nairobi pou siyen yon ako pou otorize misyon LONU apiye a.

Kenya te anonse ane pase a ke li te dako pou dirije fos la men plizyè mwa zizani politik andedan peyi Kenya lakoz misyon an bloke.

Nan yon deklarasyon li pibliye, Depatman d Eta di Blinken ak Ruto "souliyen angajman fèm yo pran vizavi deplwaman yon misyon Sipo Sekirite Miltinasyonal."

Kominike a pa bay okenn lot detay sou konvèsasyon an e li pa di non plis kilè konvèsasyon an te dewoule.