Yon Delege Kenyan ki Patisipe nan Rankont Sekirite Ayiti yo Mouri nan Chanm Otèl li Washington

Komise Lapolis Kenya Nyamato Walter (Foto @NTVKenya sou X)

Yon responsab Kenyan ki te patisipe nan chita tande ki te dewoule Washington kote yo tap diskite sou fòs miltinasyonal ki pral ede lapolis Ayisyen konbat gang yo, mouri nan chanm otèl li semèn sa a, dapre sa lapolis rapòte Samdi.

Lapolis vil Washington di yo jwenn Nyamato Walter, 39 an, endispoze nan chanm otèl li anba lavil Washington Madi Maten epi jwenn li tou mouri.

Deklarasyon lapolis pibliye a pa bay koz lanmò a men li fè remake yon inite lapolis ki espyalize nan lanmò anba kondisyon natirèl epi suisid ap mennen ankèt.

Walter, se yon komisè lapolis ki te manm delegasyon ofisyèl peyi Kenya. Li te vwayaje Washington pou patisipe nan chita tande ki tap dewoule sou plan Nasyonzini ratifye pou voye yon fòs al ede Ayiti jere zak vyolans gang yo, dapre sa medya Ameriken ak Kenyan rapòte.

Fòs la, ke Kenya ta dirije fè fas ak plizye defi. Yon tribinal nan Nairobi te bloke deplwaman 1,000 polisye peyi a mwa pase a paske li jwenn se yon vyolasyon konstitisyon an. Sepandan, Prezidan Kenya, William Ruto di lap pouse pou pi devan ak plan an kanmenm epi rankont yo rapousuiv.

Pokenn dat poko fikse pou deplwaman an e Nasyonzini poko pibliye detay yon fon li tabli pou ranmase kontribisyon finansye peyi manm yo. Gen kèk peyi Afriken ak Karayibeyen ki pwomèt apui yo, tandiske Etazini ofri lajan.

Gouvènman Ayisyen an ki pa eli te mande asistans fòs la pou premye fwa an 2022. Gang ame yo vinn gen plis pouvwa e otorite yo kwè yo kontwole pi fò kapital la, Pòtoprens.

Gen plis pase 300,000 Ayisyen ki kouri kite kay yo akoz konfli - kote yap touye moun pa bann e pa pakèt, kidnape yo epi vyole yo. Met sou sa, yo bloke aksè popilasyon an ak asistans imanitè.