Otorite yo Sove 30 Migran Apre Bato yo Chavire tou Pre Pòtoriko

Zile Mona, Potoriko nan mitan (a goch se Repiblik Dominiken, a dwat se Potoriko)

Otorite yo ap chache sivivan potansyèl tou pre kòt nòdwès zile Pòtoriko apre yon bato chache ak migran te chavire nan lanmè a. Omwens 2 moun mouri.

Gad Kòt Etazini di Jedi, otorite yo sove 30 moun ki te abò bato a ki chavire tou pre vil Camuy.

Otorite yo di sivivan yo estime bato a tap transpòte ant 30 ak 50 pasaje.

Li poko klè ki kote moun sa yo soti ni ki kote bato a te dekole.

Pi fò migran ki eseye rive Pòtoriko se Ayisyen ak Dominiken.

Kantite moun kap vwayaje antre sou teritwa Ameriken depi Repiblik Dominikèn ogmante anpil nan moman Ayiti ap goumen pou fè fas ak yon ogmantasyon nan zak vyolans gang yo epi la mizè kap ogmante pi plis chak jou.