Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden Deklare Depi Kongrè Ameriken an Ba li Pouvwa Lap Fèmen Fwontyè Etazini-Meksik la


Immigration Texas Border Floating Barrier
Immigration Texas Border Floating Barrier

WASHINGTON (AP) — Prezidan Joe Biden fè kèk gwo deklarasyon sou fwontyè Meksik Etazini an.

Li ap chèche sove yon antant ak Kongrè a sou koze fwontyè a, ki ta kapab debloke lajan tou pou Ikrèn.

Li ap eseye tou soti anba kritik ki sou do administrasyon li an sou fason li ap jere migrasyon 'sou fwontyè a, ki ap bay Ameriken anpil enkyetid pandan pwal gen eleksyon prezidansyèl ane sa a.

Lè Biden di li ap fèmen fwontyè si Kongrè a ba li pouvwa pou fè sa, li ap pale de negosyasyon sou yon pwojè-lwa ki ta ba li otorite pou pimpe migran tounen otomatikman nan jou kote plis pase 5000 migran janbe ilegalman fwontyè sid Etazini an.

XS
SM
MD
LG