Depite Repibliken Lachanm yo Vle Akize Mayorkas Dèske li 'Manke Devwa li' Kòm Sekretè Sekirite Nasyonal

Foto Achiv: Sekrete Sekirite Nasyonal Etazini Alejandro Mayorkas temwaye devan yon komisyon Sena a, 8 Nov. 2023 nan Washington.

Depite Repibliken nan Lachanm ap pouse pou pi devan ak plan yo genyen pou enkilpe Sekretè Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas. Yo akize misye dèske li "manke devwa li" pa rapo ak fason lap jere sakap pase sou fwontyè Etazini-Meksik la.

Prezidan Lachanm Mike Johnson bay konsantman li pou odisyon Mèkredi a ke Komisyon Sekirite Nasyonal la ap jere.

Komisyon an deside lanse akizasyon kont Mayorkas nan yon moman politik patikilye.

Nan Capitol la gen yon gwoup senatè Demokrat ak Repibliken kap negosye chak jou ak Mayorkas sou yon pwojè lwa istorik pou pwoteje fwontyè Etazini.

Sou lot bo a nan Lachanm, depite Repibliken yo vle wetire Mayorkas sou pouvwa a.

Depatman Sekirite Nasyonal la di Mayorkas ap travay di pou jwen "vre solisyon" pou korije lwa imigrasyon peyi a.