Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden nan ap Reprann Vòl Depòtasyon pou Migran Venezyelyen yo


Migran fe lake pou monte nan yon bato nan Bajo Chiquito, pwovens Darien, Panama, 5 Oktob, 2023.
Migran fe lake pou monte nan yon bato nan Bajo Chiquito, pwovens Darien, Panama, 5 Oktob, 2023.

Administrasyon Biden nan fè konnen lap reprann depòtasyon migran Venezyelyen ki antre Ozetazini ilegalman.

Sekretè Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas te pran la pawòl nan Meksiko Siti Jedi, kote li te site nouvo mezi sa a tankou yon nan "konsekans sevè" administrasyon Biden nan ap mete ann aplikasyon nan moman lap etann mwayen legal ki disponib pou moun kap chache azil Ozetazini yo.

Pwosesis la ta gen pou tanmen anvan lontan, dapre sa 2 responsab di Associated Press. Yo pa bay detay presi sou kile vòl depòtasyon yo pral dekole.

Rekòmansman vòl depòtasyon yo anonse yon ti tan sèlman apre administrasyon an te pwolonje stati pwoteje - kidonk TPS - pou Venezyelyen kite rive Ozetazini anvan 31 Jiyè ane sa a.

Moun Venezyela ki rive Etazini apre 31 Jiyè pa elijib pou TPS yomenm.

XS
SM
MD
LG