Accessibility links

Breaking News

Yon Pwosè Federal nan Texas Pral Santre Sou Politik Pawòl Imanitè Biden nan

Valerie Laveus salye fre li Reginald Malherbe Daniel ak neve li Tristan-Ryan Malherbe Daniel nan moman yo rive Ozetazini pou premye fwa soti Ayiti. Yo tebake nan ayeropo Fort Lauderdale - Hollywood la nan Florid, 9 Out, 2023.

Yon pòsyon kle politik imigrasyon Prezidan Joe Biden ki bay moun ki soti nan Amerik Santral la ak Karayib la pawòl imanitè pral diskite nan yon tribinal federal nan eta Texas.

Anba pwogram pawòl imanitè a, yon afè 30,000 moun jwenn pèmisyon chak mwa pou yo antre Ozetazini. Pwogram sa a egziste pou moun ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela.

Texas ak 20 lòt eta ke Repibliken ap dirije asiyen gouvènman Amerikan an pou fèl sispann pwogram sa a.

Pwosè a ki pral dire 2 jou ap tanmen jodi Jedi a. Se yon jij ke Donald Trump te nomen nan vil Victoria, Texas ki ap prezide pwosè a.

Obsèvatè yo pa atann yo aske li pwononse jijman li tou suit.

Jij la te pran desizyon kont admnistrasyon Biden nan nan le pase, pa rapò ak kiyès li priyorize pou depòtasyon.

XS
SM
MD
LG