Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Mande si Lamizè Kalifye Kòm Rezon pou Kite Migran Antre Ozetazini


Valerie Laveus kwoke fre li Reginald Malherbe Daniel nan moman li rive Ozetazini pou premye fwa soti Ayiti nan ayeropo Fort Lauderdale la nan Florid, 9 Out 2023.
Valerie Laveus kwoke fre li Reginald Malherbe Daniel nan moman li rive Ozetazini pou premye fwa soti Ayiti nan ayeropo Fort Lauderdale la nan Florid, 9 Out 2023.

Yon jij federal kesyone si viv nan lamizè ase pou yon moun kalifye pou yon politik imigrasyon kle administrasyon Prezidan Joe Biden nan.

Pawòl Imanitè a pèmèt yon kantite limite moun ki soti nan 4 peyi nan Amerik yo antre Ozetazini pou rezon imanitè.

Jij la te tande dènye agiman yo Vandredi, nan yon pwosè Texas ak 20 lòt eta Repibliken ap dirije ap mennen kont gouvènman an pou fè l sispann pwogram nan.

Jij la pat pran yon desizyon tou swit sou legalite pwogram Pawòl Imanitè a.

Anba pwogram sa a, yon afè 30,000 moun jwenn pèmisyon pou yo antre Ozetazini soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela.

XS
SM
MD
LG