Accessibility links

Breaking News

Venezyela: ” Nou pral nan lalin “se Deklarasyon Maduro apre Peyi l fin Siyen yon Kontra ak Lachin


CHINA-VENEZUELA/
CHINA-VENEZUELA/

Prezidan Nicolas Maduro deklare nan Peken ke Venezyela " prale nan lalin" apre li fin siyen yon akò ak tokay Chinwa li Xi Jinping ki gen ladann fòmasyon pou astwonòt Venezyelyen.

Maduro di "Nou gen yon tèt-ansanm estratejik nan tout mezi posib. Nou pral sou lalin nan yon fason ki ap bèl pou Lachin ak Venezyela."

Li kontinye pou di "Sous-komisyon pou koperasyon syantifik, teknolojik, endistriyèl ak ayewospasyal la pral gen kòm senbòl, arive premye gason ak premye fanm Venezyelyen ki pwal nan lalin abò yon aparèy espasyèl Chinwa.

Jan nou te pale ak responsab ayewospasyal Chinwa yo, anvan lontan jèn Venezyelyen pral vin pran fòmasyon kòm astwonòt isit la nan lekòl Chinwa yo."

XS
SM
MD
LG