Etranje Kontinye Kite Gaza, ki Anba Syèj

Jodanyen yo evakye soti Gaza an pasan pa fwontye Rafah a rive Amman, Jodani, 2 Novanm 2023.

Plis etranje pare jedi pou kite Gaza ki anba syèj pandan gouvènman ke Hamas ak dirije a di ke pou pi piti 195 Palestinyen mouri nan atak Izrael sou kan refijye Jabalia, frap ke responsab dwa moun l-ONU yo di yo ka konsidere kòm krim lagè.

320 sitwayen etranje pou pi piti, sou yon lis 500, ak dè douzèn moun Gaza ki blese grav, te travèse Ejip mèkredi nan kad yon antant ant Izrayèl, Ejip ak Hamas.

Responsab fwontyè yo nan Gaza di ke pasaj fwontyè a ka reouvè jedi-a pou plis etranje ka pati. Yon sous diplomatik di ke yon afè 7-mil-500 moun ki gen paspò etranje ap kite Gaza pandan 2 semenn apeprè.

Nan yon ofansiv pou elimine Hamas apre gwoup sa a te lanse yon kokenn atak 7 Oktòb pase nan Izrayèl, kote militan te touye mi1400 moun e pran plis pase 200 lòt ann otaj. Kòm repons, Izrael ap frape Gaza sou tè, nan lanmè ak nan lè.