Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Guterres Gen 'Gwo Kè-Sote” pou Konfli Izrayèl Hamas la ki Eskalade

Foto Achiv: Sekrete-Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres nan katye jeneral LONU, 27 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Sekrete-Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres nan katye jeneral LONU, 27 Jiye, 2023.

Sekretè-Jeneral Nasyon Zini Antonio Guterres di madi ke li gen “gwo kè-sote” pou konfli ki eskalade ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza a, kote li di dwe gen pwoteksyon pou sivil.

Lalwa imanitè entènasyonal tabli kèk regleman klè ke moun pa ka meprize,” se sa li di, e li ajoute, “Se pa yon menu kote moun chwazi regleman ke yo vle aplike.”

Li di tout pati yo dwe respekte regleman lagè, pami yo prensip pou distenge ki moun ke yo ap atake, nan ki mezi, epi pran prekosyon.

“Pandan gen twòp Izraelyen ak Palestinyen ki pèdi lavi deja, eskalad sa a sèlman ogmante soufrans sivil yo ki deja anpil,” se pawòl Guterres toujou.

Lè deklarasyon li a te parèt, te gen nouvèl sou yon kokenn eksplozyon nan kan refijye Jabalia nan nò Gaza, kote nouvèl yo rapòte anpil viktim.

See all News Updates of the Day

Izrayèl di travayè èd Nasyonzini ki mouri nan atak sou Lekòl la se manm Hamas

Izrayèl di travayè èd Nasyonzini ki mouri nan atak sou Lekòl la se manm Hamas
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:19 0:00

Izrayèl defann atak li sou yon lekòl Nasyonzini ki te tounen abri nan sant Gaza e li di ke tout 6 travayè èd Nasyonzini ki pami 18 moun ki mouri yo se manm Hamas.

Irak ak Iran siyen 14 akò pou ranfòse koperasyon yo

(FILES) Iranian presidential candidate and reformist Massoud Pezeshkian, flashes the V-sign for victory after casting his vote during the presidential election in Tehran on June 28, 2024.
(FILES) Iranian presidential candidate and reformist Massoud Pezeshkian, flashes the V-sign for victory after casting his vote during the presidential election in Tehran on June 28, 2024.

Irak ak Iran siyen 14 akò Mèkredi pou "ranfòse koperasyon" ant 2 peyi vwazen yo. Prezidan Iranyen Massoud Pezeshkian ale Bagdad, pou li fè premye vizit li nan peyi etranje apre li te fin pase nan eleksyon.

Akò sa yo antre nan domèn edikasyon ak kominikasyon, agrikilti ak resous natirèl.

Pezeshkian di pwal gen komite pou kontwole aplikasyon akò sa yo, ki se yon "premye pa nan efò pou ranfòse koperasyon ant Iran ak Irak".

Etazini ak Angletè Akize Iran Dèske li Voye Misil bay Larisi pou Sèvi Kont Ikrèn

Sekrete d Eta Antony Blinken (a dwat) pandan yon konferans pou lapres ak Sekrete Afe Etranje Britanik David Lammy nan Lond, 10 Sept. 2024.
Sekrete d Eta Antony Blinken (a dwat) pandan yon konferans pou lapres ak Sekrete Afe Etranje Britanik David Lammy nan Lond, 10 Sept. 2024.

Etazini ak Angletè akize ofisyèlman Iran dèske lap founi Larisi misil balistik kout pote pou sèvi nan lagè li kont Ikrèn. 2 peyi yo di yo pral pran mezi pou pini tout moun ki konsène.

Sekretè d Eta Antony Blinken di yo pral anonse sanksyon yo pi ta Madi.

Blinken di Larisi "deja resevwa kagezon misil balistik yo e gen anpil chans pou l itilize yo nan semèn kap vini yo kont Ikrèn ak Ikrenyen."

Blinken te pran la pawòl bò kote Minis Afè Etranjè Britanik la David Lammy pandan yon vizit nan Lond.

Blinken ak Lammy tap pare pou yo fè yon vizit ansanm Mèkredi nan Ikrèn kote yo pral rankontre Prezidan Volodymyr Zelenskyy ak lòt responsab wo plase pou diskite sou sistèm defans peyi a.

Etazini Pran Nouvo Sanksyon kont Iran pou Livrezon Misil bay Larisi

USA-BLINKEN/BRITAIN
USA-BLINKEN/BRITAIN

Etazini te di ke Iran te lage misil bay Larisi pou itilize nan Ikrèn "nan semèn kap vini yo", e li te anonse nouvo sanksyon iminan kont Teheran pami yo an patikilye kont konpayi avyon nasyonal Iran Air.

Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken te di nan yon konferans pou laprès nan Lond.

"Kounye a, Larisi te resevwa livrezon misil balistik sa yo epi li pral gen anpil chans itilize yo nan semèn kap vini yo nan Ikrèn kont Ikrenyen yo".

Plizyè Douzèn Moun Asiste Fineray yon Amerikèn-Tik ki Mouri Pandan li Tap Manifeste nan Gaza

Plizyè Douzèn Moun Asiste Fineray yon Amerikèn-Tik ki Mouri Pandan li Tap Manifeste nan Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:49 0:00

Plizyè douzèn moun asiste lantèman yon manifestan Ameriken-Tik ki mouri anba bal solda Izrayelyen yo. Dapre temwen yo, dam lan tap patisipe nan yon manifestasyon pasifik.

Load more

XS
SM
MD
LG