Accessibility links

Breaking News

Blinken, Austin Temwaye Devan Sena a sou Demann Asistans pou Izrayèl ak Ikrèn


Sekrete Deta Antony Blinken pale nan Depatman Deta a nan Washington, 30 Oktob, 2023.
Sekrete Deta Antony Blinken pale nan Depatman Deta a nan Washington, 30 Oktob, 2023.

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin ak Sekretè Deta Antony Blinken, prezante pozisyon administrasyon Biden nan devan Kongrè a pou voye plizyè milya dola asistans tou suit bay Izrayèl ak Ikrèn.

Tou le 2 sekretè yo temwaye devan yon komisyon Sena a ki apiye lide sa a pou pi fo.

"Nap apiye enterè ak prensip - nou pap kouri pou agresyon Larisi ap mennen kont Ikrèn nan," Blinken deklare.

Sepandan nan moman odisyon an tap tanmen, yon gwoup manifestan te leve men yo ki te penn an wouj pou pwoteste kont lagè a. Lapolis Capitol la te fè yo soti pandan yo tap rele byen fò "Seselfe kouyea! epi pwoteje timoun Gaza yo!"

Sekretè Blinken ak Sekretè Austin mande Sena a apwouve demann Prezidan Biden fe pou $106 milya pou finanse plan anbisye administrasyon an genyen pou Ikrèn, Izrayèl ak zon fwontyè Etazini.

Yo di asistans pou patnè Etazini sa yo esansyèl pou sekirite nasyonal la.

Biden mande $61,4 milya pou Ikrèn - mwatye nan lajan an ta depanse pou ache nouvo zam pou Kyèv. Li mande $14,3 milya pou Izrayèl, epi $9 milya asistans imanitè pou Izrayèl ak Gaza. Met sou sa gen 13,6 milya pou pwoteksyon fwontyè Etazini ak $4 milya asistans militè pou kontre jefò rejyonal Lachin an Azi.

Se Demokrat yo ki kontwole Sena a.

Kidonk, Vre batay la pral dewoule nan Lachanm ke Repibliken yo kontwole, kote gen anpil depite ki opoze lide pou apwouve nouvo asistans finansye pou Ikrèn nan lagè li kont Larisi.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AP ak Reuters

XS
SM
MD
LG