Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Izrayèl Etann Operasyon Terès li nan Gaza Pandan Wikenn nan

Palestinyen pote dey pou paran ki mouri nan bonbadman Izrayelyen nan Gaza, 30 Oktob, 2023.
Palestinyen pote dey pou paran ki mouri nan bonbadman Izrayelyen nan Gaza, 30 Oktob, 2023.

Izrayèl etann operasyon teres li nan Gaza pandan wikenn nan kote li fonse antre pi fon nan teritwa Palestinyen an sou 2 bò vil prensipal la.

Pandansetan, Nasyonzuni ak doktè yo lanse avètisman pou di atak ayeryen yo frape tou pre lopital kote plizyè dizèn milye Palestinyen al chache refij ansanm ak plizyè milye moun ki blese.

Yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo montre yon tank Izrayelyen ak yon bouldozè anba lavil Gaza ki bloke antre prensipal otowout ki konekte nò a ak sid la.

Se wout sa a ke lame Izrayelyen an te mande Palestinyen yo pou yo sèvi pou chape ofansiv terès la.

Gen plizyè santèn milye Palestinyen ki rete nan nò a ki paka chape kounyea si wout la bloke paske se sèl wout ki ale nan sid la ke yo kapab sèvi.

See all News Updates of the Day

Izrayèl di li Sove yon Otaj nan yon Tinèl nan Gaza

Izrayèl di li Sove yon Otaj nan yon Tinèl nan Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:46 0:00

Lame Izrayelyen an di ke li sove youn nan plizyè otaj ke Hamas te kidnape nan atak 7 oktòb la, sa ki te deklannche lagè nan Gaza.

Izrayèl di li te Sove yon Otaj nan yon Tinèl nan Gaza

Qaid Farhan Alkadi, a hostage kidnapped in the October 7 Hamas attack, uses his phone as he is reunited with loved ones, at Soroka Medical Center in Beersheba, Israel, Aug. 27, 2024. (Government Press Office/Yossi Ifergan/Handout via Reuters)
Qaid Farhan Alkadi, a hostage kidnapped in the October 7 Hamas attack, uses his phone as he is reunited with loved ones, at Soroka Medical Center in Beersheba, Israel, Aug. 27, 2024. (Government Press Office/Yossi Ifergan/Handout via Reuters)

JERUSALEM (AP) — Lame Izrayelyen an di ke li sove youn nan plizyè otaj ke yo te kidnape pandan atak Hamas te fè nan dat 7 oktòb la sa ki te vin deklanche an lagè nan Gaza.

Lame a te di Madi ke yo te sove Qaid Farhan Alkadi ki gen 52-zan "nan yon operasyon konplèks nan sid Gaza."

Militan Hamas yo te kidnape anviwon 250 moun nan dat 7 oktòb e yo te touye anviwon 1,200 moun, sitou sivil.

Ofansif vanjans ke Izrayèl te mennen an te touye plis pase 40,000 Palestinyen, dapre chif ofisyèl biwo sante lokal yo te bay, men yo pa di konbyen militan ki pami viktim sa yo.

Lagè sa koze deplasman 90% nan 2.3 milyon moun ki te ap viv Gaza, yo te kouri soti kite kay yo e li te lakòz gwo destriksyon atravè teritwa ki sènen an.

Fòs Izrayelyen yo Lanse yon 'Operasyon Konplèks' pou Libere yon Otaj nan Gaza

Nan foto sa a ke Sant Medikal Soroka pataje ak lapres, Kaid Farhan Al-Qadi, 52 zan ke militan Hamas yo te kenbe ann otaj, kouche nan yon kabann pou egzaminasyon, 27 Out, 2024.
Nan foto sa a ke Sant Medikal Soroka pataje ak lapres, Kaid Farhan Al-Qadi, 52 zan ke militan Hamas yo te kenbe ann otaj, kouche nan yon kabann pou egzaminasyon, 27 Out, 2024.

Fos Izrayelyen yo lanse yon "operasyon konplèks" pou libere yon otaj nan Gaza, dapre sa militè a rapote Madi.

Hamas te kidnape Qaid Farhan Aldadi pandan atak 7 Oktob ki te deklanche konfli Gaza a. Fanmi misye te kontan a mo e yo te kouri ale nan lopital kote lame a te mennen misye apre yo te resevwa nouvèl sou operasyon sekou a.

Sa te pote yon moman lajwa ki ra pou Izrayelyen yo apre prèske 11 mwa lagè. Plizyè douzèn otaj toujou nan men Hamas malgre jefo entènasyonal kap dewoule pou jwenn yon seselfe epi sekirize liberasyon yo.

Ministè Sante Gaza a di ofansiv Izrayèl la touye plis pase 40 mil moun. Lagè a te tanmen apre militan Hamas yo te atake sid Izrayèl 7 Oktob epi touye 1,200 moun - pi fo pami yo sete sivil epi pran apepre 250 moun an otaj.

Rezidan Palestinyen Gaza Kòmanse Retounen Lakay yo

Rezidan Palestinyen Gaza Kòmanse Retounen Lakay yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:32 0:00

Rezidan Palestinyen nan Gaza, ki te sove akoz operasyon militè Izrayelyen kòmanse retounen lakay yo pandan negosyatè pou ako kanpe tire nan Gaza pou diskite sou yon nouvo pwopozisyon konpwomi pou fè pon ant pèp Izrayèlyen ak Hamas…Valerio Saint-Louis

Izrayèl ak Hezbollah Libanè a Bat yon Retrè Apre Echanj Gwo Kout Zam Pandan Wikenn nan

Travayè Defans Sivil yo enspekte sak rete de yon machin ki boule nan yon frap ayeryen Izrayelyen nan vil Sidon, Liban, 26 Out, 2024.
Travayè Defans Sivil yo enspekte sak rete de yon machin ki boule nan yon frap ayeryen Izrayelyen nan vil Sidon, Liban, 26 Out, 2024.

Izrayèl ak Hezbollah Libanè a bat yon retrè apre echanj gwo kout zam yo pandan wikèn nan ki te soulve kè sote pandan yon ti tan dèske yo bon jan lagè tapral pete nan zòn nan.

Sepandan, konfli a ki dire depi plizyè dizèn lane poko prèt pou fini. Tansyon rejyonal yo toujou wo pa rapò ak konfli Gaza a e obsèvatè yo atann yo aske yon lòt bagay taka pete nempòt kilè.

Lidè Hezbollah a Hassan Nasrallah pa ekate posibilite pou yo ta lanse yon lòt atak revanj pou frap ayeryen Izrayèl te lanse mwa pase a, ki touye yon komandan wo plase.

Premye Minis Benjamin Netanyahu di "istwa a poko fini."

Load more

XS
SM
MD
LG