Accessibility links

Breaking News

Putin Konvoke Responsab Sekirite Ris yo Apre yon Foul Anvayi Ayeropò Dagestan an pou Chache Pasaje Izrayelyen


Moun rele slogan anti-juif sou pis aterisaj ayeropo Makhachkala a nan La Risi, 30 Oktob, 2023.
Moun rele slogan anti-juif sou pis aterisaj ayeropo Makhachkala a nan La Risi, 30 Oktob, 2023.

Prezidan Larisi Vladimir Putin òganize yon rankont responsab sekirite ak lapolis apre yon foul moun move kou kong te anvayi yo ayeropò nan Dagestan yon ti tan apre yon avyon ki te soti Tel Aviv te ateri la.

Foul la - kèk pami yo te kenbe pannkat ki gen slogan anti-juif sou yo - te anvayi pis aterisaj la epi tonbe chache pasaje Izrayelyen.

Ministè Sante Piblik Dagestan an di gen plis pase 20 moun ki blese. Gen 2 ki blese grav.

Otorite lokal yo di yo arete 60 moun. Kremlen an blame "entèferans etranje" pou dezòd la.

Pòt pawòl Putin nan, Dmitry Peskov deklare prezidan ak responsab sekirite yo pral diskite sou "tantativ l'Oksidan ap fè pou sèvi ak evenman nan Mwayèn Oryan an pou divize sosyete Ris la."

XS
SM
MD
LG