Izrayèl di li Touye yon Kòmandan Kle nan Hamas

Lame Izrayelyen an tire sou fwontye Gaza a, 31 Oktob, 2023.

Izrayel fè konnen li touye youn nan kòmandan kle nan Hamas ki te dirije atak 7 Oktòb la ki te fè anpil san koule nan sid Izrael.

Fòs Defans Izraelyen ak Shin Bet, ki se sèvis sekirite pou andan Izrael, lanse yon delarasyon an komen madi ki fè konnen Nasim Abu Ajina pèdi lavi l nan yon frap aeryen, dapre rapò ki soti nan sevis ransèyman yo.

Deklarasyon an di ke Abu Ajina sete kòmandan Batayon Beit Lahia ki nan Brigad Nò Hamas, e te patisipe nan nan devlopman veyikil aeryen telegide ki te enplike nan envazyon an.

Yon lòt kote, Mezon Blanch byen akeyi lendi kantite limite èd imanitè ki antre nan Gaza, ak telekominikasyon ki rekoumanse fonksyonnen nan Gaza pandan Izrael ap kontinye ofansiv atè a nan teritwa sa a kòm repons pou atak Hamas 7 Oktòb pase a.

Li repete tou pinga pou aktè rejyonal yo pa antre nan batay la.

Men konfli sa a ap eksploze nan opinion piblik la ki ap jije l. Dè santèn moun te anvayi yon ayewopò nan rejyon Dagestan nan LaRisi pandan wikenn nan, kote yo t ap lanse jouman kont Izrael lè yon vòl avyon ki te soti Tel Aviv te ateri. Prezidan ris Vladmir Putin di se pawol ki pale sou rezo sosyal ki enspire moun sa yo.