Hamas Libere 2 Izrayelyèn Lendi

Foto Achiv: Moun reyaji epi montre sipo yo pou fanmi moun Hamas kidnape pandan atak 7 Oktob la nan Tel Aviv, Izrayel, 21 Oktob, 2023.

Komite Entènasyonal Kwa Wouj la di militan Hamas yo libere 2 otaj li te kenbe nan Gaza.

Sa fè dezyèm fwa gwoup la libere otaj li te sezi nan atak sanglan 7 Oktob la kote li te travèse antre Izrayèl.

Medya nan Izrayèl idantifye otaj yo kom Yocheved Lifshitz ak Nurit Cooper ki tap viv nan kibbutz Nir Oz la.

Foto Achiv: Nurit Cooper ke militan Palestinyen Hamas yo te kenbe ann otaj.

Yon responsab Ameriken deklare Lendi ke Washington te konseye Izrayèl pou l ranvwaye operasyon terès lap planifye a pou ba yo plis tan pou asire liberasyon plis otaj.

Otorite Palestinyen yo ak temwen yo di gwo frap ayeryen ki dewoule nan Gaza detwi bilding epi touye plizyè santèn moun.