Blinken, Austin di Etazini Pare pou Reponn si yo ta Sible Anplwaye Ameriken Pandan Lagè Izrayèl - Hamas la

Prezidan Joe Biden ak Sekrete Deta Antony Blinken rankontre paran viktim yo ak sekouris Izrayelyen ki te afekte direkteman pa atak Hamas yo, 18 Oktob, 2023 nan Tel Aviv, Izrayel.

Sekretè Deta Etazini Antony Blinken ak Sekretè Defans Lloyd Austin di Lèzetazini pare pou pwoteje twoup Ameriken oubyen anplwaye gouvènman Ameriken ki nan Mwayèn Oryan an, si konfli Izrayèl - Hamas la vinn pi grav, jan yo atann yo a.

2 responsab yo di yo atann yo aske lagè a vinn pi laj atravè gwoup Iran apiye yo.

Blinken di Lèzetazini pa vle pou yon bagay konsa fèt men "nou pare pou sa.

Responsab wo plase Ameriken yo lanse avètisman sa yo nan moman konfli Izrayèl-Hamas la, ki te kòmanse apre atak militan Hamas yo te lanse kont Izrayèl 7 Oktòb la, ap antre nan 3èm semèn ni.

Depatman Deta pase lòd bay tout anplwaye ki pa esansyèl anbasad li nan Irak pou yo pati kite peyi a akoz tansyon yo ki ogmante nan rejyon an.