Izrayèl Ogmante Frap li yo Kont Gaza

Yon palestinyen pote yon tifi li rale soti nan yon kay ki detwi nan bonbadman Izrayelyen vil Rafah nan Gaza, 23 Oktob, 2023.

Izrayèl ogmante atak ayeryen li yo toupatou nan Gaza, menm nan zòn kote li konseye sivil yo al pran refuj.

Yon responsab Ameriken deklare Lendi ke Washington konseye Izrayèl pou l ranvwaye lansman operasyon terès li a pou ba li tan pou asire liberasyon otaj Hamas kenbe yo.

Izrayèl pèmèt 2 ti konvwa asistans antre Gaza men pa petwòl. Gaza ap viv nan blakawout depi prèske 2 semèn.

Obu kap soti nan Gaza pran direksyon Izrayel, 23 Oktob, 2023.

Lopital yo menm di yap redi pou jwenn gaz pou opere dèlko yo ki bay elektrisite pou ekipman medikal ki ka sove lavi moun tankou pa egzanp enkibatè pou tibebe ki fèt premature yo.

Responsab Palestinyen yo ak temwen di gwo frap ki fèt toupatou nan Gaza detwi bilding epi touye plizyè santèn moun.