Larisi Blame Dronn Ikrenyen pou Lanmò 3 Moun nan Belgorod

Foto sa a ke gouvene rejyonal Belgorod la distribye bay lapres montre yon kay ki andomaje apre yon dronn Ikrenyen ke sistem defans anti-ayeryen Larisi a desann tonbe sou li, 12 Oktob, 2023.

Yon otorite ris di jedi debri yon dronn Ikrèn ke fòs defans li yo te desann touye 3 moun nan rejyon Belgorod nan LaRisi.

Vyacheslav Gladkov, gouvènè rejyon an, di sou Telegram debri dronn nan detwi yon kay e ke yo jwenn 3 kadav anba dekonm yo.

Se Ministè Defans LaRisi a ki fè anons la. Belgorod se youn nan rejyon ki sou fwontyè ak Ikrèn.

Lame Ikrèn nan di jedi LaRisi te atake ak 33 dronn divès rejyon nan Ikrèn, e ke sistèm defans ikrenyen detwi 28 nan yo.

Youn nan rejyon ke LaRisi te vize yo se Odesa nan sid Ikrèn, kote otorite yo rapòte dega nan enfrastrikti pò a ak nan bilding kote moun rete. Yon moun blese pou pi piti. Se tout tan Odesa anba atak aeryen LaRisi.

Yon lòt kote, Prezidan ris Vladimir Putin rive nan Kyrgyzstan jedi kote li rankontre ak Prezidan peyi a Sadyr Japarov, e kote li pwal patisipe vandredi nan somè Mache Komen Eta Endepandan yo, somè ke Kyrgizstan ap prezide. Lidè Azerbaidjan, Belaris, Kazakhstan, Tajikistan, Turkmenistan ak Uzbekistan ap patisipe tou nan somè a.