Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Detwi 29 Dronn ak yon Misil Rapid ke Ris Yo te lanse


Iran Drone Drill
Iran Drone Drill

Avyasyon militè Ikrèn nan di madi li detwi 29 dronn ak yon misil rapid ke LaRisi te lanse pou atake kèk rejyon nan Ikrèn pandan lannwit la.

Lame Ikrèn nan di pifò dronn yo te vize rejyon Mykolaiv nan sid Ikrèn ak rejyon Dnipro-Petrovsk nan sant peyi a.

Serhiy Lysak, ki se gouvènè rejyon Dnipro-Petrovsk la, di debri ki soti nan dronn ke lame a bare yo fè dega nan yon sit endistriyèl nan vil Pavlohrad e lakoz dife pran nan yon konpayi prive nan Dnipro.

Atak yo fèt apre nouvo pwomès pou sipò ki soti bò kote Inyon Ewop la, lè minis afè etranjè Inyon an yo te reyini lendi nan Kyèv.

Èd loksidan pou Ikrèn vin anba presyon politik apre yon kandida ki anfavè LaRisi sot genyen yon eleksyon nan Slovaki, ki se manm Inyon-an epi tou manm l-OTAN, e apre Kongrè Etazini an pa te mete finansman pou Ikrèn nan yon plan bidjè tanporè.

Kont-ofansiv militè Ikrèn nan mache pi dousman ke lidè loksidan yo te espere anvan labou sezon otòn nan kole tank ke li pwal resevwa kòm don yo.

XS
SM
MD
LG