Accessibility links

Breaking News

Macron rankontre Zelensky nan peyi Espay


Ukraine's President Volodymyr Zelensky (L) is welcomed by France's President Emmanuel Macron upon his arrival at the Elysee presidential palace in Paris, May 14, 2023.
Ukraine's President Volodymyr Zelensky (L) is welcomed by France's President Emmanuel Macron upon his arrival at the Elysee presidential palace in Paris, May 14, 2023.

Prezidan Lafrans la, Emmanuel Macron, rankontre ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky, pandan somè Kominote Politik Ewopeyen an t ap dewoule nan vil Granada ann Espay.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky di jedi li nan Granada pou yon somè ki reyini lidè ki soti nan prèske 50 peyi ann Ewòp.

Zelensky fè vizit la nan kad demach pou alye li yo nan Lwès la bay peyi li plis èd militè ak sistèm defans, nan moman otorite yo avèti ke Ris yo ka ogmante atak nan sezon fredi a.

Larisi ogmante atak sou pò Ikrèn yo tou depi li te soti nan yon kontra ki pèmèt transpò sereyal an sekirite nan Lanmè Nwa a.

Depi Larisi te soti nan kontra a, Ikrèn te teste yon nouvo wout sou lanmè a epi li espere rekòmanse ekspòtasyon regilye sou Lanmè Nwa a.

XS
SM
MD
LG