Accessibility links

Breaking News

Larisi Vle Retounen nan Konsèy Dwa Moun LONU an


Foto Achiv: Senbol Nasyonzini devan bilding Sekretarya a, nan Nouyok, 28 Fevriye, 2022.
Foto Achiv: Senbol Nasyonzini devan bilding Sekretarya a, nan Nouyok, 28 Fevriye, 2022.

Asanble Jeneral Nasyon Zini a pwal fè yon vòt madi sou kesyon pou konnen si l ap kite LaRisi retounen nan Konsèy Dwa Moun l-ONU an, preske 2 lane apre li te mete Moskou deyò nan konsèy la apre envazyon li nan Ikrèn nan.

Konsèy la ki baze nan Jenèv fòme ak 47 nasyon kote chak nan yo soti nan yon gwoup rejyonal. LaRisi, youn nan plizyè nasyon ki ap chache yon manda 3 lane nan Konsèy Dwa Moun nan, ap fè konpetisyon ak Albani e ak Bilgari pou 2 syèj ki rete ouvè pou rejyon Ès Ewop la.

Asanble Jeneral la te vote 93 kont 24 pou mete LaRisi deyò nan Konsèy Dwa Moun nan ann Avril 2022, preske 2 mwa apre li te fin lanse envazyon li nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG