Responsab Hamas di Iran ak Hezbollah Pat Jwe Okenn Wòl nan Atak Kont Izrael la

Ali Barakeh, yon manm lideship ann egzil Hamas la, pandan yon entevyou ak Associated Press nan Beirout, Liban, 9 Oktob, 2023.

Yon responsab wo plase gwoup militan Palestinyen Hamas la di se yon ti gwoup komandan wo plase nan Gaza sèlman ki te o kouran de atak sipriz kont Izrael la davans.

Ali Barakeh di Associated Press ke menm alye pi pwoch Hamas yo pat ranseye sou kilè atak la tapral dewoule.

Misye demanti rapo ki di kom kwa Iran ak Hezbollah Libanè a ede planifye atak la. Men li di yo pral rejwenn batay la si Gaza fè fas ak yon "lagè kap chache elimine l tout bon".

Misye demanti tou ke atak la te vize deraye jefò Etazini ap mennen pou ede Izrael tabli relasyon diplomatik ak Arabi Saoudit.

Misye di Hamas pare pou yon lagè kap dire lontan.