Accessibility links

Breaking News

Biden ap Pwononse yon Diskou sou Konfli Izrael-Hamas la


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Lamezonblanch Samdi 7 Oktob, 2023 nan Washington.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Lamezonblanch Samdi 7 Oktob, 2023 nan Washington.

Prezidan Etazini Joe Biden gen pou l pran la pawol depi Lamezonblanch apremidi 10 Oktòb la pou pale sou sa Lamezonblanch dekri tankou "Atak Teworis an Israel".

VOA Kreyòl va difize diskou a an direk sou paj Facebook ak Youtube.

Apre atak la Samdi, Biden te kondane sa li dekri tankou atak "enkonsyan" militan Hamas yo lanse kont Israel. Li di administrasyon li pwomèt pou l asire Israel gen "sa li bezwen pou defann tèt li."

Biden te deklare nan Lamezonblanch ke li di Premye Minis Israelyen Benjamin Netanyahu ke Etazini "kanpe bò kote pèp Israelyen an fas ak atak teworis sa yo. Israel gen dwa defann tèt li ak pèp li - pwen ba."

XS
SM
MD
LG