Accessibility links

Breaking News

Etazini di 9 Ameriken Mouri nan Atak Hamas Lanse Kont Israel la


Palestinyen enspekte debri kan refije fanmi Abu Helal la nan Rafa, Gaza, Lendi 9 Oktob, 2023.
Palestinyen enspekte debri kan refije fanmi Abu Helal la nan Rafa, Gaza, Lendi 9 Oktob, 2023.

Depatman Deta deklare omwens 9 sitwayen Ameriken mouri nan atak Hamas lanse pandan wikenn nan kont Israel.

Se yon ogmantasyon de 4 konpare ak chif yo te bay anvan.

Depatman Deta a di gen yon kantite sitwayen Ameriken yo pa presize ki sou lis moun ki disparèt yo.

Dimanch, yon responsab te di nimewo a flou e li te di li ka ant 6 moun ak 12 moun.

Li pa klè si moun ki disparèt yo se otaj, si yo mouri oubyen nan kache.

Pòt pawòl Depatman Deta a, Matthew Miller deklare depatman an pran kontak ak fanmi yo e ke "li dispoze asistans konsilè apwopriye" pou yo.

XS
SM
MD
LG