Accessibility links

Breaking News

Konpayi Ayeryen yo Sispann Vòl yo pou Israel Apre Atak Hamas la


Foto Achiv: Yon pasaje mache bo kote yon avyon Delta Airlines nan teminal McNamara a nan ayeropo Metwopoliten Awondisman Wayne Detroit la nan Romulus, Michigan, 21 Janvye 2010.
Foto Achiv: Yon pasaje mache bo kote yon avyon Delta Airlines nan teminal McNamara a nan ayeropo Metwopoliten Awondisman Wayne Detroit la nan Romulus, Michigan, 21 Janvye 2010.

Gwo konpayi ayeryèn yo sispann vòl yo nan peyi Israel apre peyi sa a deklare lagè ofisyèlman kòm reyaksyon ak atak masiv Hamas lanse a.

American Airlines, United Airlines ak Delta Airlines sispann sèvis yo nan moman Depatman Deta pibliye konsèy li pou moun kap vwayaje nan rejyon an. Depatman Deta a di gen gwo risk pou zak teworis ak dezòd.

Liy ayeryèn Ewopeyen ak Azyatik yo sispann vòl pa yo tou, pami yo Lufthansa, ki se yon konpayi Alman, Air France epi prensipal avyon Hong Kong lan, Cathay Pacific Airways. Virgin Atlantic sispann vòl li yo tou.

British Airways di li gen entansyon kontinye opere vòl li sou Israel "pandan jou kap vini yo," men li pral fè kèk chanjman nan lè dekolaj yo.

XS
SM
MD
LG