Lagè ant Palestinyen ak Izrayelyen yo Gen Gwo Enpak sou Lavi Timoun yo

Israa Al-Qishawi, se yon refije ki gen 13 zan, ki pran refij nan lekol Nasyonzuni an UNRWA apre atak Hamas te lanse kont Israel la, 7 Oktob, 2023.

Lagè ant Palestinyen ak Izrayelyen yo genyen gwo enpak sou lavi anpil moun espesyal timoun yo.

Israa Al-Qishawi, se yon refije 13 lane kap etidye nan yon lekol Nasyonzuni (UNRWA).

"Mwen ta renmen tankou yon timoun nòmal, k ap viv san lagè, san misil pou nou ka ale lakay nou ansekirite."

Nan twazyèm jou lagè a, ak yon ti chans pou yo ta sispann tire, plizyè douzèn rezidan te kouri kite kay yo nan Gaza pou al abrite yo nan yon lekòl Nasyonzini genyen. Israa al-Qishawi, 13 lane, tap esplike difikilte yo genyen pou dòmi nan salklas ki gen anpil moun epi sèvi ak twalèt ki pa gen rezèv dlo.

“Kite m montre w sal klas la, mwen paka dòmi nan mitan lannwit poutèt atak aeryen yo, mwen te ale nan twalèt la chak minit paske mwen pè wòkèt yo, nan chanm mwen dòmi an pa itil anyen, mwen ka toujou tande wokèt yo. Sa a se chanm kote mwen dòmi an, touprè fenèt yo."

Daprè Israa lagè a te yon sipriz, yo te ale lekòl lè fize a te frape lanmè a, yo te panse se te jis antrenman, men sete yon bon wòkèt, se gè a kite deklannche, gè a te vini toudenkou epi yo te pè.

Israa te kontinye pou di:

"Kounye a nou ap dòmi isit la, pa gen espas. Nou tout ap dòmi isit la, epi Izrayelyen yo ap frape ak eksplozif dife. 30 moun ap dòmi isit la, pa gen plas pou nou tout. "Nou pat kapab benyen pandan twa jou, nou pa gen alokasyon chak jou, pa gen manje, pa gen okenn moun ki pote anyen pou nou."

Movèz kandisyon yap viv nan kan refijye sa a pèmèt kek ladan yo tonbe malad. Israa se youn ladan yo.

"Kite m montre w kote pou benyen an - pa gen dlo la, epi li degoutan, mwen pran yon gratèl paske li pat pwòp e mwen malalèz avèl."

Mohamad Qishawi gen 37 an. Li pran refijy nan lekòl Nasyonzini an. Li di se premye fwa li wè yon gè konsa:

"Nou ap viv nan yon eta konstan laperèz. Nou pa konn sa ki pral rive nou, mwen paka kwè sa, mwen gen 37 lane, nou pa janm wè yon lagè konsa. Nou pa konn kiyès pou nou rele pou jwenn èd, peyi etranje oswa peyi Arab yo, kiyès ki pral kanpe bò kote nou? "

Nan sal klas la genyen 4 fanmi ki gen anviwon 30 moun, e pami yo gen anviwon 15 timoun, ki bezwen swen, manje ak twalèt yo te kouri al pran refije nan lekòl sa a aprè ataka zanzatann Palestin sou Izrael Samedi 7 octob 2023 a.

Lame Izrayelyen lan te di lendi 9 oktòb la, li te frape plizyè santèn sib Hamas ak Jihad Islamik ki nan gwoup Gaza pandan lannwit lan e li te voye kat divizyon konba nan sid kote li te kontinye goumen ak militan islamis yo.

Kantite moun ki mouri nan batay la monte ak 1,100 nan kan Gaza a ak pèp Izrayèl la.

Batay ant fòs Izraelyen yo ak gwoup islamis Hamas la te kontinye nan sèt oswa uit kote touprè Gaza 2 jou aprè mesye ame Hamas yo te touye 700 Izrayelyen ak kidnape plizyè douzèn lòt nan atak ki pi mòtèl sou teritwa Izraelyen an depi atak peyi Lejip ak Siri nan Lagè Kippuur sa gen plizyè lane.

Ministè Sante Palestinyen an te deklare, plis pase 400 moun, ki gen ladan plizyè dizèn timoun, te mouri nan atak yo depi Samdi, ki te frape tou blòk lojman ak yon moske.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters