Konsèy Sekirite Nasyonzuni Apwouve Rezolisyon ki Otorize yon Fòs Miltinasyonal pou Ayiti

Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an apouve Lendi 2 Oktòb, yon rezolisyon ki otorize yon fòs miltinasyonal pou ede Ayiti jere ensekirite a.

13 manm konsèy la vote an favè rezolisyon an, ke Etazini ekri ansanm ak Ekwatè. Gen 2 peyi ki pat vote ditou - Lachin ak Larisi.

Se Premye Minis Ayisyen Ariel Henry ki te mande kominote entènasyonal la voye yon fòs miltinasyonal pou ede polis nasyonal la retabli sekirite epi kwape zak vyolans gang yo. Henry te fè demann nan 6 Oktob 2022.

Peyi Kenya volontye pou dirije fòs la, e kontribye 1,000 polisye. Bahamas, Jamayik ak Antigua ak Barbuda di yo pral kontribye polisye tou.

Apre vòt la, reprezantan plizyè peyi te pran la pawòl.

Linda Thomas-Greenfield, Anbasadris Etazini nan Nasyonzini, pale pandan yon rankont Konsey Sekirite LONU an, 21 Jiye, 2023.

Anbasadris Etazini, Linda Thomas-Greenfield, ki pat prezan lè vòt la tap dewoule nan konsèy la men li voye yon deklarasyon bay VOA pa email kote li bat bravo pou apwobasyon an epi remèsye Kenya, Antigua ak Barbuda, Bahamas, Jamayik ak lot peyi ki volontye pou apiye misyon an.

"Vòt jodia se sèlman premye etap la - kounyea travay pou lanse misyon an ap tanmen," Thomas-Greenfield deklare.

Li reafime tou, sipò Etazini pou Ayiti.

"Lèzetazini pral kontinye apiye pèp Ayisyen an nan moman kote yo bezwen èd e nou pran angajman pou nou apiye misyon an ak fòs. Nou lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou kole tèt ansanm ak nou. Fòk nou aji an tout ijans paske pèp Ayisyen an pakapab e pata dwe tann plis pou lapè ak stabilite yo merite."

Pandan diskou li devan Asanble Jeneral Nasyonzuni nan fen mwad Septanm nan, Prezidan Joe Biden te mande konsèy sekirite a ajit "vit e prese" pou adopte rezolisyon an.

Nan yon pale ak jounalis ki fè repòtaj sou Ayiti, responsab wo plase administrasyon Biden nan te re-itere ke rezolisyon pou fòs miltinaysonal la gen ladann plizyè pwovizyon pou asire ke erè fos LONU yo te komèt an Ayiti nan le pase pa repete.

Foto Achiv: Anbasade La Chin nan Nasyonzini Zhang Jun.

Anbasadè Lachin, Zhang Jun, ki te pale apre vòt la te di li kontan wè kèk pami egzijans peyi li te mande enklu nan rezolisyon yo apwouve a. Lachin te mande pou Konsèy Sekirite a egzije Ayiti pou l notifye konsèy la de tout peyi kap patisipe nan misyon an anvan otorizasyon an antre ann aplikasyon.

Vreman vre, vèsyon final pwojè rezolisyon an te modifye pou di LONU va bay otorizasyon li pou peyi ki notifye Sekretè-Jeneral Antonio Guterres ke yo pral patisipe nan misyon an.

Minis Afe Etranje Ayisyen Jean Victor Geneus pandan yon entevyou ak VOA apre vot Konsey Sekirite Nasyonzuni an nan Nouyok, 2 Oktob, 2023. (Photo: Margaret Besheer)

Minis Afè Etranje Ayisyen an, Jean Victor Geneus, te pale ak korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer apre vot la.

"Se yon komansman. Gen anpil travay ki pou fèt. Pa sèlman an Ayiti men tou ak tout patnè entènasyonal yo," Geneus di VOA.

Minis la pat bay presizyon lè VOA te mande l konbyen polisye li kwè yap bezwen.

"Mwen pa gen yon ide egzak paske mwen pa yon spesyalis. Men mwen kwè nou pral bezwen ase polisye pou neutralize gang yo. Yo anpil epitou yo nan plizyè pati kapital la epitou nan pwovens yo," Geneus deklare.

Pa rapò ak Lachin ak Larisi ki pat vote ditou, Geneus deklare:

"Eben ou konnen yo te trè kowoperatif. Nou pat atann plis pase sa, men sak pi enpotan an se ke yo pa bloke adopsyon rezolisyon an."

VOA pwofite mande tou si Lachin te mete presyon sou Ayiti pa rapò ak relasyon diplomatik li ak Taiwan.

"Talè a la a, anbasadè Chinwa a te devan w. Sete yon bon opotinite pou poze l kestyon an. Mwen paka reponn pou li," Geneus deklare.

Lè VOA mande si li te mansyone Taiwan nan konvèsasyon li avèl, Geneus te reponn ke sete yon "konvèsasyon prive" e ke li paka pataje ak nou kisa yo te pale.

Konseye Lamezonblanch sou Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan pale pandan yon rakont ak lapres nan Lamezonblanch, 11 Fevriye 2022.

Konseye Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, Jake Sullivan bat bravo pou apwobasyon an tou.

Nan yon deklarasyon li voye bay VOA, Sullivan di:

"Desizyon Konsèy Sekirite Nasyonzuni pou l otorize yon Misyon Sipò Sekiritè Miltinasyonal pou Ayiti make yon pa enpòtan nan direksyon pote asistans pèp Ayisyen an bezwen anpil apre yo pase twò lontan ap souvri anba men kriminèl vyolan."

Dapre sa yon sous di VOA, Prezidan Kenya a, William Ruto, gen pou pwononse yon diskou sou fòs miltinasyonal la pou Ayiti, Madi.

Fòk Palman Kenya a apwouve lide pou fòs la al ede Ayiti jere ensekirite a, anvan pou peyi a patisipe nan misyon an tout bon.


Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer ak korespondan VOA Espayol nan Lamezonblanch, Jorge Agobian, kontribye a repotaj sa a.