Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta sou Deklarasyon Jimmy Cherizier: 'Gouvèman Ameriken Kondane Ak Tout Fòs li Aksyon ak Deklarasyon Lidè Gang Tankou Cherizier'


Jimmy Cherizier, chef gang G9 ak Fanmi yo pale ak journalis nan Delmas 6, yon katye Port-au-Prince, Ayiti, Aug. 16, 2023.
Jimmy Cherizier, chef gang G9 ak Fanmi yo pale ak journalis nan Delmas 6, yon katye Port-au-Prince, Ayiti, Aug. 16, 2023.

Depatman Deta reyaji sou deklarasyon chèf gang G9 Alye ak Fanmi Manyen Youn Manyen Tout, Jimmy Cherizier fè 15 Out sou posibilite pou yon fòs miltinasyonal ta vin ede Ayiti jere ensekirite a.

"Gouvènman Ameriken an kondane ak tout fòs li, aksyon ak deklarasyon lidè gang tankou Cherizier ki paralize pi fò Pòtoprens ak depatman Latibonit la epi koze plis pase 100,000 moun Ayisyen kouri kite kay yo," yon pòt pawòl Depatman Deta di VOA Kreyòl.

Li ajoute: "Gouvènman Ameriken an pral kontinye pwomouvwa lide pou tout moun ki patisipe nan gwo vyolasyon dwa moun ak zak koronpi enpòtan, ansanm ak sa yo ki mele nan gang ak oganizasyon kriminèl pou yo pran responsabilite. Nou apiye responsabilite atravè aksyon tankou deziyasyon endividi pou sanksyon finansye epi pran mezu pou enpoze restriksyon viza lè li apwopriye pou fè sa."

Pòt pawòl Depatman Deta a raple nan repons li sou kestyon VOA Kreyòl te poze a ke Lèzetazini te enpoze sanksyon kont Jimmy "Barbecue" Cherizier anba pwogram sanksyon Global Magnitsky a nan mwad Desanm 2020 an pou wòl li te jwe nan atak G-9 te lanse an 2018 kont popilasyon La Saline nan. Pòt pawòl la di sous nan sektè dwa moun nan estime gen omwens 71 moun ki te pèdi lavi yo nan atak sa a.

Pòt pawòl Depatman Deta a ajoute ke yon rezolisyon Konsey Sekirite Nasyonzuni an deziye Cherizier tou pou kontribisyon direk li vizavi paralizi ekonomik ak kriz imanitè a an Ayiti. Ladann te gen blokis tèminal petwol Varreux a.

Depatman deta di rapò òganizasyon dwa moun Ayisyen yon pibliye resaman ansanm ak rapò entere LONU an Ayiti - BINUH dokimante plizye santen lòt lanmò sivil, zak vyolans seksyel ak blesu - ke Cherizier ak gang G9 li a komèt.

Lèzetazini te byen akeyi anons gouvènman Kenya te fè pou di li dako pou l konsidere dirije fos Miltinasyonal la, ki se yon demann gouvènman Ayisyen an te fè nan mwad Oktob 2022 a.

Pòt pawòl Depatman Deta a di "sipo nou pou pousuiv yon Fòs Miltinasyonal pou retabli sekirite epi kwape zak vyolans grav gang yo tankou kidnaping, kadejak, ekstòrsyon, asasina ak atak seksyèl".

Depatman Deta souliyen zak vyolans gang yo lakoz moun kouri kite kay yo, epi li agrave ensekirite alimantè a ak enstabilite politik an Ayiti.

XS
SM
MD
LG