Accessibility links

Breaking News

FBI: Hacker Iranyen Eseye San Siksè pou Bay Kanpay Biden Enfo li Volè sou Trump


Kandida prezidansyel Repibliken Donald Trump pandan lap mennen kanpay nan Nouyok, 18 Sept. 2024.
Kandida prezidansyel Repibliken Donald Trump pandan lap mennen kanpay nan Nouyok, 18 Sept. 2024.

Hacker Iranyen yo te eseye enterese kanpay Prezidan Joe Biden ak enfòmasyon li volè nan men kanpay rival li, Donald Trump. Dapre nouvèl yo, Iranyen yo te voye email ki pat solisite bay moun ki asosye ak Biden - ki te kandida Demokrat la nan epòk la, sa ki reprezante yon tantativ pou entèfere ak eleksyon 2024 la.

FBI ak lòt ajans federal anonse nouvèl la.

Responsab yo di pa gen okenn prèv ki ta endike okenn nan moun ki te resevwa email yo te reponn.

Kanpay prezidansyèl Kamala Harris la di email ki soti Iran yo "pa byen veni e se yon aktivite mechan ki pa akseptab. "

Anons la fèt Mèkredi. Se dènye jefò gouvènman Ameriken an pou pibliye detay sou sa otorite yo konsidere tankou travay debòde Iran ap fè pou l enfliyanse eleksyon an. Pami aktivite sa yo genyen pirataj, ak piblikasyon enfòmasyon ki sible kanpay Trump la.

XS
SM
MD
LG