Accessibility links

Breaking News

Harris, Trump Twoke Pawòl Piman Bouk Pandan Deba Prezidansyèl yo


Yo te kanpe ansanm kote se 2 mèt distans ki te separe yo e pat gen okenn spektatè prezan nan sal la lè 2 kandida prezidansyel yo ki potko janm rankontre fas a fas anvan Madi swa, te kontre pou premye fwa nan yon deba ke ABC News te òganize e ke yo te difize pou plizye dizèn milyon elektè Ameriken.

Vis Prezidan Kamala Harris te pale ak elektè yo e li te reponn atak ansyen Prezidan Donald Trump epi trase pwòp chemen pa l apre retre Prezidan Joe Biden nan kous la.

" Klèman mwen pa Joe Biden e sètènman mwen pa Donald Trump. Sa mwen ofri se yon nouvo jenerasyon lidè pou peyi nou. Youn ki kwè nan sak posib. Youn ki pote espwa nan sa nou ka fè olye nou denigre pèp Ameriken an."

Trump akize Harris ke li dekri kom "Maksis" pou kriz migrasyon Etazini an.

" Yo detwi mak fabrik peyi you. Yo kite dè milyon moun antre."

Trump akize Harris tou san li pa bay prèv pou envazyon Larisi nan Ikrèn ak lagè Gaza a.

"Li rayi Izrayèl. An menm tan li rayi popilasyon Arab la e tout zonn nan pral sote - Arab, Juif, Izrayèl - Izrayèl pral disparèt."

Pou Trump, sete 7em deba prezidansyel li. Pou Harris sete premye a. Li di ke kandida Repibliken an pa gen kalite poul prezidan – e ke lidè mondyal yo wè li konsa - eksepte pou otokrat-yo, lidè ki sèl kòk chante nan peyi yo, e ke Trump admire.

" Ou adore nèg kanson fè olye ou swaye demokrasi."

Patizan Trump yo tankou depite Repibliken pou eta Florid Byron Donalds di Harris pa presize sa li ta fè kom prezidan.

"Kamala Harris tout sal fe se atake misye. Li pa pale sou politik li. Li pa moutre diferans ant limenm ak administrayon Biden nan. Le yo poze l kesyon sou Afghanistan kisa l di? Anyen. "

Preske yon tyè elektè ki te reponn kesyon nan yon sondaj anvan deba a di yo abitye ak Trump men ke yo bezwen konnen plis sou Harris.

Deba a moutre yon kontrast klè ant 2 kandida yo dapre depite Demokrat Kalifoni Ted Lieu.

" Kamala Harris te sanble prezidan. Donald Trump te dwol e li te pale an dezòd."

Si Trump ak Harris pa ta fe deba anko anvan jou eleksyon an, yè swa sete petet meyè opotinite pou yo konvenk yon ti gwoup elektè nan 7 eta "balanswa" ki patko deside pou kiyès y ap vote kòm pwochen prezidan Etazini.


Jounalis VOA News Steve Herman ekri vesyon orijinal teks sa a an Angle

XS
SM
MD
LG