Accessibility links

Breaking News

Mèt Espesyal Jack Smith Mande Kou d Apèl la Reprann Dosye Dokiman Sekrè Trump la


Foto Achiv: Met Espesyal Jack Smith pale sou dosye ansyen Prezidan Donald Trump la, 1 Out, 2024.
Foto Achiv: Met Espesyal Jack Smith pale sou dosye ansyen Prezidan Donald Trump la, 1 Out, 2024.

Mèt Espesyal Jack Smith mande yon kou federal d apèl Lendi pou l reprann dosye dokiman klafisye ansyen Prezidan Donald Trump te genyen lakay li, apre yon jij te voye dosye a jete mwa pase a.

Jij Aileen Cannon te voye dosye a - ki se youn pami 4 lajistis genyen kont Trump - apre li te tire konklizyon ke nominasyon Smith kom mèt espesyal pat konstitisyonèl.

Ekip Smith la te ale ann apèl devan Kou D Apèl Atlanta a apre sa pou konteste desizyon an.

Apèl la se dènye nan yon seri mezi legal nan yon dosye anpil ekspè legal konsidere kom dosye kriminèl senp. Sepandan pwosè a vinn deraye akoz divès delè ak odisyon anvan Cannon, ki se yon jij Trump te nomen te voye dosye a jete epi kanpe pwovizwaman - dumwens - pwosè a.

XS
SM
MD
LG