Accessibility links

Breaking News

Ex-Prezidan Trump Konparèt Devan Tribinal Federal Florid


Ansyen Prezidan Donald Trump kite Tribinal Federal la nan Fort Pierce, Florid, 12 Fevriye 2024.
Ansyen Prezidan Donald Trump kite Tribinal Federal la nan Fort Pierce, Florid, 12 Fevriye 2024.

Ansyen Prezidan Donald Trump rive Lendi nan tribinal federal Florid la pou yon odisyon prive ki gen rapo ak pwosè kriminèl ki akizel dèske li te mal jere dokiman sekrè li te genyen lakay li.

Jij la pwograme odisyon an pou diskite sou pwosesis ki an plas ki dikte kisa pou w fè ak dokiman sekrè. Dat pwosè a pral tanmen se 20 Me.

Trump ap fè fas ak plizye douzen chèf akizasyon kriminèl kote lajistis akize l dèske li te sere dokiman top sekrè lakay li nan Mar-a-Lago nan West Palm Beach, epi eseye dejwe tantativ FBI te fè pou reprann dokiman sa yo nan men li.

Semèn pase a Prezidan Joe Biden te kritike rapo yon mèt espesyal te pibliye sou fason li te jere dokiman sekrè yo te jwenn nan biwo li anvan li te vinn Prezidan. Rapo a dekri prezidan an, ki gen 81 an tankou yon nèg ki pa gen bon memwa e ki gen limitasyon serye nan sa li sonje. Pa egzanp rapo a di Biden pat sonje dat gwo moman nan pwop vi pa li.

Ansyen Prezidan Donald Trump rive nan Tribinal Federal Fort Pierce la nan Florid, 12 Fevriye, 2024.
Ansyen Prezidan Donald Trump rive nan Tribinal Federal Fort Pierce la nan Florid, 12 Fevriye, 2024.

Biden souliyen tou gwo diferans mèt espesyal la note nan ka pa li ak ka Donald Trump.

"Jan mèt espesyal la ekri l la e map site "gen plizye gwo distenksyon klè ant ka Misye Trump ak ka Misye Biden. Ant parantèz mèt la se yon Repibliken. Map kontinye sitasyon an apre yon te bali plizyè chans li te remèt dokiman yo epi evite yon pwosè. Misye Trump te swadizan fè le kontrè. Dapre enkilpasyon an li te non sèlman refize remèt dokiman yo pandan plizyè mwa men tou li te bloke tantativ lajistis pou reprann yo epi pran tèt lot moun pou yo detwi dokiman yo epi bay manti sou sa yo te fè. An konparezon, Misye Biden te remèt dokiman sekrè pa li yo bay Achiv Nasyonal ak Depatman Jistis epi bay konsantman li pou yo fouye divès lye pami yo kay li yo epi chita ak anketè yo pou reponn kestyon yo epi kowopere ak ankèt la."

Jij Aileen Cannon te sipoze tande agiman avoka defans yo maten an epi avoka akizasyon yo apremidi a. Tou le 2 avoka yo prezan pandan odisyon an.

XS
SM
MD
LG