Accessibility links

Breaking News
Kandida Prezidansyel Pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris selebre ak mari li, dezyem gentleman Doug Emhoff apre diskou akseptasyon li nan kloti konvansyon nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, 22 Out, 2024.
Kandida Prezidansyel Pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris selebre ak mari li, dezyem gentleman Doug Emhoff apre diskou akseptasyon li nan kloti konvansyon nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, 22 Out, 2024.

Fèmti Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la nan Chicago

Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ap pran fen nan vil Chicago, Jedi ak nominasyon ofisyel Vis Prezidan Kamala Harris, kom kandida prezidansyel pati a pou eleksyon Novanm nan. Se yon nominasyon istorik, paske Harris se premye fanm nwa azyatik ki janm reprezante pati Demokrat la nan eleksyon.

00:03 23.8.2024

Harris Fe Listwa Lè Li Aksepte Nominasyon pati Demokrat la pou Prezidans la

Kamala Harris Aksepte Nominasyon Pati Demokrat la pou Prezidans la
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:35 0:00

23:29 22.8.2024

Harris Klotire Konvansyon Demokrat la ak ak yon apel pou Ameriken yo rejte divizyon politik yo epi li lanse avetisman sou konsekans yon viktwa Trump ka poze pou peyi Etazini.

23:12 22.8.2024

Kamala Harris di Antanke Prezidan Li Pral Chache Redwi Enpo Klas Mwayèn nan

Kandida prezidansyèl Demokrat Kamala Harris deklare nan diskou li devan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la, ke li pral chache apwouve yon rediksyon ann enpo klas mwayèn nan ap peye.

Harris di opozan li, kandida prezidansyèl Repibliken Donald Trump - pa gen okenn kè sote pou klas mwayèn nan.

Harris di: "Olye yon ogmantasyon enpo Trump, nou pral adopte yon reduksyon nan enpo klas mwayèn nan ki pral benefisye plis pase 100 milyon Ameriken.

23:07 22.8.2024

Kamala Harris Aksepte Ofisyèlman Nominasyon Pati Demokrat la pou Prezidans la

Vis Prezidan Kamala Harris te chache redefini tèt li pou pèp Ameriken an epi trase yon gwo kontrast ant limenm ak Repibliken Donald Trump Jedi nan moman li te aksepte nominasyon prezidansyèl Pati Demokrat la pou eleksyon 2024 la.

Harris deklare: "nan non tout moun ki taka gen istwa yo pibliye nan pi gran peyi sou planèt Tè a, mwen aksepte nominasyon w pou prezidans peyi Etazini.

Demokrat yo te bat bravo ak kè kontan.

Load more

XS
SM
MD
LG