Accessibility links

Breaking News
Kandida Prezidansyel Pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris selebre ak mari li, dezyem gentleman Doug Emhoff apre diskou akseptasyon li nan kloti konvansyon nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, 22 Out, 2024.
Kandida Prezidansyel Pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris selebre ak mari li, dezyem gentleman Doug Emhoff apre diskou akseptasyon li nan kloti konvansyon nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, 22 Out, 2024.

Fèmti Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la nan Chicago

Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ap pran fen nan vil Chicago, Jedi ak nominasyon ofisyel Vis Prezidan Kamala Harris, kom kandida prezidansyel pati a pou eleksyon Novanm nan. Se yon nominasyon istorik, paske Harris se premye fanm nwa azyatik ki janm reprezante pati Demokrat la nan eleksyon.

20:06 22.8.2024

Delege Fanm nan DNC a Abiye an Blan pou Onore Dwa Medam yo pou Vote

Delege Fanm nan DNC An Blan pou Onore Dwa Medam yo pou Vote

Si wap suiv dènye sware Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la aswè a nan Chicago wap wè anpil fanm an blan.

Moun abiye an blan nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la Jedi 22 Out, 2024 nan Chicago.
Moun abiye an blan nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la Jedi 22 Out, 2024 nan Chicago.

Se yon jefò kowòdone pami delege fanm yo ak patizan Demokrat yo fè nan moman yo rive nan stad United Center la Jedi apremidi.

Yap rann omaj ak lòt gwo evenman politik enpotan kote medam yo te abiye an blan, sitou lè yo kraze yon nouvo baryè.

Hillary Clinton te mete yon tayè blan lè l te aksepte nominasyon prezidansyèl Pati Demokrat la an 2016.

Epi Geraldine Ferraro - premye kandida fanm pou vis prezidans la - te abiye an blan lèl te aksepte nominasyon sa a nan konvansyon Demokrat yo an 1984.

20:46 22.8.2024
Kandida Prezidansyel pati Demokrat la Vis Prezidan Kamala Harris, 20 Out, 2024.
Kandida Prezidansyel pati Demokrat la Vis Prezidan Kamala Harris, 20 Out, 2024.

Kamala Harris pral pwofite diskou li devan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la aswè a pou l ankadre eleksyon an tankou yon chans pou "trase yon nouvo chimen pou lavni".

21:27 22.8.2024

Pwogram televizyon espesyal VOA Kreyol pou kloti Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ap tanmen a 9:30pm le Washington
Ou ka suiv sou sit web nou: www.voanouvel.com
Facebook: https://www.facebook.com/VOAKreyol/
YouTube: https://www.youtube.com/@voakreyol

Animasyon: Valerio Saint-Louis nan studyo Washington, Jacquelin Belizaire nan konvansyon DNC Chicago
Analiz, reyaksyon epi tradiksyon kreyol diskou akseptasyon Vis Prezidan Kamala Harris antanke kandida prezidansyel pati Demokrat la - tout sa aswe a nan pwogram espesyal nou an.

22:47 22.8.2024

Harris Mete Aksan sou "Tranzisyon Pasifik Pouvwa a " nan Diskou Akseptasyon Kandidati Prezidansyel Pati Demokrat la

Vis Prezidan Kamala Harris di elektè yo yo gen chans pou yo "trase yon nouvo chimen pou pouse pou pi devan" antanke Ameriken nan mwad Novanm nan.

Harris ap chache entwodui tèt li bay elektè yo epi prezante ka li kont Repibliken Donald Trump Jedi swa nan moman li aksepte nominasyon pati a nan Konvansyon Nasyonal pati Demokrat la.

Harris di "ak eleksyon sa a, peyi a gen yon opotinite presye, ki pap dire lontan pou kite tonbe amètim, sinisism ak batay divizif pase a."

Harris pral premye fanm nwa ak premye moun ki gen eritaj Sid Azi ki janm aksepte nominasyon pati Demokrat la pou prezidans la.

Load more

XS
SM
MD
LG