Accessibility links

Breaking News
Kandida Prezidansyel Pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris selebre ak mari li, dezyem gentleman Doug Emhoff apre diskou akseptasyon li nan kloti konvansyon nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, 22 Out, 2024.
Kandida Prezidansyel Pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris selebre ak mari li, dezyem gentleman Doug Emhoff apre diskou akseptasyon li nan kloti konvansyon nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, 22 Out, 2024.

Fèmti Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la nan Chicago

Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ap pran fen nan vil Chicago, Jedi ak nominasyon ofisyel Vis Prezidan Kamala Harris, kom kandida prezidansyel pati a pou eleksyon Novanm nan. Se yon nominasyon istorik, paske Harris se premye fanm nwa azyatik ki janm reprezante pati Demokrat la nan eleksyon.

22:54 22.8.2024

Kamala Harris: 'Nou Pap Fè Bak Lamerik!'

Vis Prezidan Kamala Harris trase gwo diferans ki egziste ant limenm ak rival Repibliken li, Donald Trump nan diskou li devan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la. Li di li pran angajman vizavi yon "transfè pasifik pouvwa a".

22:47 22.8.2024

Harris Mete Aksan sou "Tranzisyon Pasifik Pouvwa a " nan Diskou Akseptasyon Kandidati Prezidansyel Pati Demokrat la

Vis Prezidan Kamala Harris di elektè yo yo gen chans pou yo "trase yon nouvo chimen pou pouse pou pi devan" antanke Ameriken nan mwad Novanm nan.

Harris ap chache entwodui tèt li bay elektè yo epi prezante ka li kont Repibliken Donald Trump Jedi swa nan moman li aksepte nominasyon pati a nan Konvansyon Nasyonal pati Demokrat la.

Harris di "ak eleksyon sa a, peyi a gen yon opotinite presye, ki pap dire lontan pou kite tonbe amètim, sinisism ak batay divizif pase a."

Harris pral premye fanm nwa ak premye moun ki gen eritaj Sid Azi ki janm aksepte nominasyon pati Demokrat la pou prezidans la.

21:27 22.8.2024

Pwogram televizyon espesyal VOA Kreyol pou kloti Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ap tanmen a 9:30pm le Washington
Ou ka suiv sou sit web nou: www.voanouvel.com
Facebook: https://www.facebook.com/VOAKreyol/
YouTube: https://www.youtube.com/@voakreyol

Animasyon: Valerio Saint-Louis nan studyo Washington, Jacquelin Belizaire nan konvansyon DNC Chicago
Analiz, reyaksyon epi tradiksyon kreyol diskou akseptasyon Vis Prezidan Kamala Harris antanke kandida prezidansyel pati Demokrat la - tout sa aswe a nan pwogram espesyal nou an.

20:46 22.8.2024
Kandida Prezidansyel pati Demokrat la Vis Prezidan Kamala Harris, 20 Out, 2024.
Kandida Prezidansyel pati Demokrat la Vis Prezidan Kamala Harris, 20 Out, 2024.

Kamala Harris pral pwofite diskou li devan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la aswè a pou l ankadre eleksyon an tankou yon chans pou "trase yon nouvo chimen pou lavni".

Load more

XS
SM
MD
LG