Accessibility links

Breaking News

Yon Diplomat Grand Bretay Demisyonnen Poutèt Lond ap Vann Izrayèl Zam


Yon manifestan Pwo-Palestinyen kenbe yon pankat ki di "Sispann Ame Izrayel" pandan yon manifestasyon nan vil Lond, Anglete, 17 Avril, 2024.
Yon manifestan Pwo-Palestinyen kenbe yon pankat ki di "Sispann Ame Izrayel" pandan yon manifestasyon nan vil Lond, Anglete, 17 Avril, 2024.

Yon diplomat ki reprezante Grand Bretay nan Irland bay demisyon li pou li ka kritike Ministè Afè Etranjè britanik la ki ap vann Izrayèl zam, kote li di ke peyi li « ka konplis nan krim lagè, » se sa ajans France Presse anonse lendi.

Pa gen « okenn rezon ki jistifye ke Wayòm Ini ap vann Izrayèl zam, » se sa Mark Smith di nan yon imèl ke li voye bay kolèg li yo, kote li anonse demisyon li e ki pase sou rezo sosyal yo. Li te travay nan anbasad Grand Bretay nan Dublin, kote li te 2èm sekretè espesyalize nan kesyon teworis pou ministè Afè Etranjè. Li dekri tèt li kòm ekspè nan politik lavant zam.

Mark Smith eksplike nan yon kominike ke li “ekri Ministè Afè Etranjè pou enfòme li sou demisyon li e pou ekzòte li pou rekonsidere jan Grand Bretay wè sityasyon an nan Gaza. Ministè a di AFP li p ap pale sou demisyon an.

XS
SM
MD
LG