Accessibility links

Breaking News

Ozanizatè yo Anile Konsè Taylor Swift Tapral Bay nan Vyèn Akoz Kè Sote pou Atak Teworis


Foto Achiv: Taylor Swift pefome nan stad Wembley la nan kad seri konse Eras li yo 21 Jyen, 2024 nan Lond.
Foto Achiv: Taylor Swift pefome nan stad Wembley la nan kad seri konse Eras li yo 21 Jyen, 2024 nan Lond.

Oganizatè 3 konsè sipèsta Amerikèn Taylor Swift tapral bay nan vil Vyèn an Otrich semèn sa a deside anile konsè yo Mèkredi, apre otorite yo anonse arestasyon ki lye ak yon konplo pou lanse yon atak pandan yon evenman nan vil la.

Otorite yo krenn ke evenman konplo a vize se seri konsè Eras Tour chantez la.

Swift te sipoze prezante spektak nan Stad Ernst Happel nan kapital Otrich la Jedi, Vandredi ak Samdi.

Oganizatè spektak yo, Barracuda Music, deklare nan yon mesaj li pibliye sou kont ofisyèl Enstagram li Mèkredi swa ke: "nou pa gen okenn chwa eksepte pou anile 2 konsè ki te pwograme yo pou pwoteje sekirite tout moun."

XS
SM
MD
LG