Accessibility links

Breaking News

Men Poukisa Chantez Taylor Swift ak Foutbolè Travis Kelce Vinn Mele nan yon Seri Teyori Konplo Politik San Fondman


Taylor Swift bo foutbole Kansas City Chiefs la Travis Kelce apre ekip li ranpote chanpyona AFC Lig Nasyonal Foutbol Ameriken an (NFL) kont ekip Baltimore Ravens la, 28 Janvye, 2024.
Taylor Swift bo foutbole Kansas City Chiefs la Travis Kelce apre ekip li ranpote chanpyona AFC Lig Nasyonal Foutbol Ameriken an (NFL) kont ekip Baltimore Ravens la, 28 Janvye, 2024.

Sipèsta Taylor Swift ak menaj li, foutbolè Kansas City Chiefs la, Travis Kelce mele nan yon seri zen, fak news ak teyori konplo politik ki ap sikile sou rezo sosyal yo semèn sa a, nan moman ekip Kelce a ap pare pou l jwe nan chanpyona foutbol zepol kare a Super Bowl la, 11 Fevriye.

Pami mesaj san fondman e fo yo genyen akizasyon kom kwa Swift te jwe yon wol nan yon seri operasyon psikolojik Pantagon nan te lanse epi ide kom kwa limenm ak Kelce, ki ranpote ak ekip li chanpyona Super Bowl la 2 fwa deja, se ajan sekrè kle kap patisipe nan yon konplo pou ede Prezidan Joe Biden re-eli prezidan nan eleksyon 2024 la. Mesaj sa yo, ki bay manti, di ke siksè ekip Chiefs la ranpote nan NFL la ane sa a, se yon jefo byen monte ki fè pati plan an.

Ni Swift, ni Kelce fè deklarasyon an piblik sou politik ak lot kestyon ki mete yo dozado ak politisyen ekstrèm dwat yo.

Se konsa pèsonaj tankou ansyen kandida prezidansyèl Repibliken Vivek Ramaswamy, militan politik Laura Loomer, epi animatè rezo televizyon One America News vinn anplifye akizasyon yo.

Akizasyon sa yo pa gen okenn fondman - se bon jan manti - e li posib ke yo reflete kè sote eksktrèm dwat la genyen dèske yon moun ki gen otan renome ke Swift, taka enfliyanse kous prezidansyèl la vreman vre si li ankouraje fanatik li yo vote pou yon kandida an patikilye. Seri spektak mondyal Eras Tour Swift la deja antre plis pase yon milya dola.

Sepandan enpak zen sa yo pa finn klè ditou. Nan ka Swift, genyen prèv ke o minimom li ka pouse plis moun pou yo enskri pou vote. Nanmwad Septanm nan li te mete yon mesaj sou kont Instagram li an kote li gen 272 milyon moun kap suiv li kote li ankouraje yo enski pou vote. Dapre ONG Vote.org gen 35,000 moun ki te enskri pou vote apre mesaj la te pibliye.

Joe Penney, pwofesè adjwen nan Inivèsite Deta Montclair la fèrechèch sou entèseksyon politik ak kilti pop modèn nan. Li kwè deli mesaj sou rezo sosyal yo ki vize Swift tankou yon tantativ pou lage vèni sou li kom mezi prevansyon pou moun pa koute sa li di. Penny di enfliyans Swift taka trè difisil pou kontrekare, sitou si li apiye piblikman Biden, menm jan li te fè l an 2020.

Atak kont Swift yo taka ankouraje jèn elektè yo pou yo apiye l tou epi chache pwoteje l.

XS
SM
MD
LG