Accessibility links

Breaking News

Seri Konsè Eras Taylor Swift la Antre Plis Pase $1 Milya, Dapre Pollstar


Foto Achiv: Taylor Swift pandan konse Eras Tour li a nan Buenos Aires, Ajantinn, 9 Nov. 2023.
Foto Achiv: Taylor Swift pandan konse Eras Tour li a nan Buenos Aires, Ajantinn, 9 Nov. 2023.

Ane enkonparab chantez popilè Taylor Seift la sot fè listwa anko apre Pollstar, yon konpayi ki fè repotaj sou konsè atis yo fè konnen ke vire won Eras Swift la antre plis pase $1 milya.

Non sèlman seri konsè Eras Swift yo okipe premye plas la nan Amerik di No a ak toupatou nan mond lan, men Pollstar fè konnen li antre $1,04 milya dola. Gen 4,35 milyon biyè ki vann, e Swift pral bay 60 konsè toupatou nan mond lan.

Swift antre yon lot $200 milyon ak lavant machandiz.

Film dokimantè sou Eras Tour la antre $250 milyon nan sal sinema yo ki mete li kom film sou yon konsè ki antre plis lajan nan listwa.

XS
SM
MD
LG